Skip to Secondary Navigation Skip to Main Content

Current Domain

Haiti Change

in this section

Ankourage Pwodiksyon Kafe ak Amelyore Lavi Moun an Ayiti

 

Junio Dort

Département des sciences des aliments et de la nutrition, Université Laval, Quebec Qc G1V 0A6, Canada.

E-mail : jedort12@yahoo.fr

 

Pwòblèm ensekirite alimantè a frape plis pase 38% popilasyon ayisyèn nan1. Tradisyonèlman, se agrikilti ki poto mitan ekonomi peyi a. Sektè sa bay 35% nan richès peyi a, e plis pase 60% popilasyon an depann de li. Men, sektè agrikòl la te toujou gen anpil pwoblèm paske peyizan yo manke ankadreman teknik ak mwayen pou achte semans, angrè ak pestisid. Anplis, pi fò tè yo pa wouze e chanjman klimatik, ewozyon lè lapli tonbe ak katastwòf natirèl agrave sitiyasyon an. Tè yo vin paka fè manje, peyizan yo oblije devlope lòt estrateji tankou debwazman pou yo ka siviv ak peye lekòl. Nan atik sa, nou devlope yon nouvo modèl pou kontoune kontrent agwokilmatik yo epi chanje kondisyon vi peyizan yo.

Objektif nouvo modèl sa, se ankouraje kilti kafe an Ayiti paske kafe se kilti tradisyonèl peyi a. Se yon plant ki pouse nan mòn e ki pa ezijan menm jan avèk yon seri lòt kilti. Sa vle di ke kantite mòn ki genyen an Ayiti (2/3) kapab fè peyi a tounen yon gwo expòtatè kafe. Kilti sa prezante anpil avantaj pou Ayiti sou ang ekonomik, kiltirel ak anviwònmantal. Se yon mwayen de rebwazman pou lite kont ewozyon e rann tè yo pi gra. Malgre manke efò ki fèt, Ministè Agrikilti, Resous Natirèl ak Devlopman Riral (MARNDR)2 rekonèt filyè kafe a kòm yon aks estratejik pou soulaje kondisyon vi peyizan yo. Men jodi a, Ayiti pwodwi mwens ke 0,2% pwodiksyon mondyal kafe akòz pwoblèm maladi ak pri kafe a k’ap bese toutan2. 

Plizyè pwojè ki fèt nan peyi a (Tiòt, Bomon, Jakmèl) pou ameliyore filyè kafe a pa pote bon rezilta, paske yo manke entegre peyizan yo. Atik 12 resolisyon 42/25 Nasyon Ini3 an di ou dwe pran an konsiderasyon opignon menm yon timoun lè w’ap pran desisyon pou li, depi li gen laj pou sa. Sa vle di, yon apwòch patisipativ ki enplike fòmasyon yon kooperativ pwodiktè kafe kapab pote yon solisyon ak pwoblèm sa. Kooperativ sa ap bezwen ankadreman teknik, ekonomik, ak jiridik nan men leta oubyen lòt òganizasyon poul ka byen òganize, aprann technik pou plante e transfòme kafe a, epi bay peyizan yo mwayen pou sa. Kooperativ la dwe devlope yon label e se li ki responsab poul vann tout kafe yo, chache nouvo debouche pou sèktè a, avèk lèd òganizasyon entènasyonal yo sitou. Metòd sa ap pèmèt pri kafe a estabilize epi diminye kantite entèmedyè ki nan filyè a. Konsa, peyizan yo ap gen plis kapasite pou yo prodwi e revni yo ap ogmante. Kooperativ la kapab distribye dè prim tou selon kantite kafe chak peyizan. Methòd sa pral ankouraje rechèch sou varyete kafe ak teknik pou amelyore randman. Pendan peyizan yo pral plis entegre e patisipe nan devlopman ekonomik peyi a, kondisyon lavi yo ap amelyore.

Ankouraje kilti kafe kapab ede nan lit kont povrete nan zòn riral, ogmante kouvèti bwaze pou pwoteje anvironman, kreye travay, konbat ensekirite alimantè.

 

 

 

 

 

 

 

1-      Conseil National de Sécurité Alimentaire, enquête de la securite alimentaire en haïti – cnsa et partenaires, juin 2011, 6 pages.  

2-      MARNDR, les grandes orientations de politique nationale pour le développement du secteur café: Document cadre pour l’horizon 2020, Janvier 2003, 21 pages.   

3-      Nations Unies, convention relative aux droits de l'enfant Adoptée et ouverte à la signature, ratification et adhésion par l'Assemblée générale dans sa résolution 44/25, novembre 1989, 20 pages.

 

4
Average: 4 (1 vote)
Your rating: None
© Copyright 2001 - 2017 One Global Economy Corporation