Haiti Change
|
|
|
|
|
|
![]() |
Nou ka konsidere Ayiti jodi a tankou yon tè vyèj kap tann premye grenn semans la. Jodi a, kote nou ap tann ak espere yon chanjman, ann travay tè Ayiti sa, ann itilize resous li yo pou li ka retounen "Pèl Dèzantiy" An nou soutni, ranfòse ak eksplwate pwodiksyon nasyonal la. Nan seksyon agrikilti EnfoFasil la, aprann tout bagay sou kilti agrikòl la soti nan semans pou rive nan rekòlt. An menm tan, ann fè yon revolisyon nan edikasyon an ki se yon pilye devlopman enpòtan nan tout sosyete. An nou enkouraje jenn yo al lekòl epi inivèsite. Ann envesti jodi a nan gwo sèvo demen yo. Seksyon edikasyon EnfoFasil la gen tout enfòmasyon soti nan lekòl primè rive nan fòmasyon siperyè.
|